|
Ou sou sit Neighborhood Housing Services.
|
|
Marie Dafinis
te achte kay
li nan Miami
Gardens.
|
Neighborhood Housing Services se yon òganizasyon ki te fonde an 1978. Nou ede moun k’ap viv nan Miami Dade County ki pa touche anpil lajan, jwenn tout sèvis yo bezwen nan domèn achte kay.
Tout sèvis nou yo disponib an Kreyòl e yo gratis:
- Nou ofri klas pou prepare nou achte kay.
- Nou ofri konsèy patikilye pou moun ki vle achte kay
- Nou ofri ipotèk ak to enterè ki fiks e ki pi ba pase to enterè ki sou mache an.
Objektif nou se ede tout fanmi devlope kapasite pou yo gen byen, koumanse ak pwopriete pa yo. Se konsa nou kapab genyen yon avni miyò.
Pran dispozisyon pou achete premye kay ou, vin patisipe nan seyans oryantasyon nou yo.
Klike anba seksyon sa a pou ou kapab jwenn orè seyans oryantasyon yo an Angle.
Apre sa, silvouplè, rele nou nan nimewo
(305) 751-5511 pou rezève yon plas nan youn nan seyans yo.
Klike anba seksyon sa a
pou ou kapab jwenn orè sesyon edikativ yo
an Angle.
Klike anba seksyon sa a pou ou kapab retounen nan
sit Angle an
osnon nan
sit Panyòl lan.
Gras a kolaborasyon Haitian Neighborhood Center, Sant La, nou gen entwodiksyon sit Neighborhood Housing Services lan an Kreyòl tou.
|